Pwoteje richès ou

Kisa yon prè pou envestisman ye?

Prè pou envestisman se yon fason w prete lajan pou w ka fè envèstisman ki gen chans rapòte w plis kòb pase sa prè a koute w la (yo rele sa efè levye / effet de levier).

Prêt investissement
Pourquoi prêt

Poukisa pou w pran yon prè envestisman?

Lide a se sèvi ak efè levye finansye a pou w jwenn plis kòb nan men w pou w envesti epi pou w gen chans fè plis pwofi.

Ki moun ki sèvi ak prè sa a?

Moun k ap envesti nan kay (Immobilier)

Pou yo achte kay epi tann yo pran plis valè pou yo fè kòb.

Moun k ap envesti nan labous (Bourse)

Pou yo achte aksyon avèk lespwa y ap fè anpil gwo pwofi.

"Prè pou envestisman mache ak risk tou. Li trèzenpòtan pou w jere l ak anpil pridans epi pou w byen konprann ki frè l ap pote."

Pi gwo avantaj prè pou envestisman an genyen

  • Pwofite de moman mache a ap monte yo
  • Mete maksimòm lajan nan plasman w yo toutpandan w kenbe kòb ou gen nan men w lan
  • Fè plizyè kalite envestisman diferan (Diversifier portefeuille)
  • Pwofite avantaj kote yo retire frè enterè yo sou taks ou
  • Jwenn aksè ak avantaj fon distenk yo bay
  • Fè tout envestisman w yo (portefeuille) pran valè pi vit (ou dwe yon moun ki ka tolere risk)

Zòn konsèy