Yon plan epay ki pa anrejistre se yon kont pou fè envestisman ki gen anpil fleksibilite ki pèmèt ou envesti san w pa pliye devan gwo prensip kont gouvènman anrejistre yo tankou REER, CELI, CÉLIAPP oswa REEE.
Se yon trè bon zouti pou konplete lòt kalite kont yo si w vle gen bonjan estrateji nan epay, sitou lè w fin ranpli tout limit ki gen nan kont anrejistre yo.
Piske li pa anrejistre (pa tankou lòt kont yo), kont sa a :
Yo konn sèvi anpil avè l lè yo bezwen fè richès yon moun ogmante vit, si l vle envesti pou anpil tan osinon pou bonjan estrateji fò pou regle taks.
Ou gen pou w peye taks chak ane sou tout kòb kont sa a fè (jan de kòb li ye a ap detèmine sa) :
Ou peye 100 % taks sou li nèt
Wi ou peye taks sou li, men souvan l bon paske w ap jwenn yon ti retou nan men gouvènman an (crédit d’impôt)
Se sèlman mwatye (50 %) nan pwofi a w ap peye taks pou li
Fason yo divize taks yo konsa fè w ka kreye yon bonjan plan pou envestisman w yo, pa egzanp lè w chwazi fè pwofi sèlman pou w ka asire w taks ou pap kale w twòp.