Pwoteje richès ou
Équipe VIP

Notre Mission

Nan VIP Gestion de Patrimoine et Investissements, misyon nou se pa sèlman rekrite moun, men se bati bèl karyè k ap dire, fè kabinè yo pwospere, epi fòme pwofesyonèl ki se lidè nan domèn yo.

Nou ofri nan Kebèk yon anviwònman ou pap jwenn okenn lòt kote, kote valè moun, teknoloji ak yon bèl modèl biznis mache men nan men pou ede w rive kote w vle a.

Si w pare pou w pran kontwòl total avni finansye w epi ofri bonjan kalite sèvis pou kliyan w yo, plas ou se la a.

Sa nou ofri w ki Inik

3 Pilye ki fè Avantaj VIP a

Se la a VIP GPI fè gwo diferans ak rès mache a. Modèl nou an fèt pou bay antreprenè ki nan ou a jarèt.

Yon Modèl Biznis ki chanje jwèt la

(Kontwòl total)

Nou ba w libète ak estrikti yon antreprenè, pandan n ap ba w tout sipò yon gwo kabinè asirans.

  • Kliyan w yo se pou ou yo ye san kondisyon. Yo se afè pèsonèl ou.
  • Tounen yon chèf kabinè. Kreye pwòp kabinè w san limit sou kantite konseye w ka genyen.
  • Sistèm komisyon anplis sou plizyè nivo (surcommissions). Yo rekonpanse efò w.
  • Pwogram pou moun k ap bati yo: monte yon ekip epi jwenn avantaj lajan sou li.
  • Pwogram rekonesans : vwayaj, pri, ak pwomnad pou rekonpanse gwo pèfòmans.

Fòmasyon ak Sipò pi wo nivo

(Ekselans nan pwofesyon w)

Nou envesti nan konesans ou pou n asire w ap toujou reyisi.

  • Fòmasyon kontinyèl nan nivo ki pi wo a.
  • Konstan sipò (coaching) nan estrateji, nan lavant ak nan devlopman pèsonèl.

Pèman ak Patenarya San Parèy

(Endepandans san kontrent)

Travay ansanm ak gwo patnè sou mache a :
Konpayi asirans yo : IA, Assomption, Canada-Vie, Manuvie, Beneva, Sun Life, Humania, UV ak anpil lòt ankò.
Enstitisyon finansye yo : B2B Banque, RBC, BMO, Manuvie, ak lòt ankò.

Rezilta : Ou ka ofri pi bon solisyon ki gen sou mache a, ki toujou adapte a sa kliyan w yo bezwen toutbon.

Ekosistèm Sèvis Ou a

Ou jwenn tout sa w bezwen yon sèl kote

Ou pa bezwen ap voye kliyan w al chèche sèvis byen lwen ankò. Nan VIP GPI, ou ofri tout sèvis ou bezwen yon sèl kote (guichet unique).

Sèvis Dirèk (Konesans ou)
  • Asirans lavi ak sante
  • Asirans domaj (pèsonèl/komèsyal)
  • Jesyon byen (Patrimoine) ak Jesyon Prive
  • Envestisman (Placements)
Sèvis Endirèk (Patnè nou yo)
  • Sèvis legal nan dwa pou biznis
  • Konsiltasyon pou imigrasyon
  • Koutye pou ipotèk ak kay (immobilier)
  • Espesyalis pou repare kredi moun
  • Kontablite ak Notè

Avantaj : Ou ofri kliyan w plis valè, ou fè plis kòb nan plizyè sous, epi l fè kliyan an rete pi lontan avè w.

VIDEO KI MONTRE BIWO A
Y ap travay sou videyo a

Yon bèl Anviwònman Travay

Pèfòmans mache ansanm ak yon moun ki santi l byen. Se poutèt sa nou kreye biwo nou yo pou yo konfòtab, bèl tankou yon fanmi, epi ki ankouraje moun travay.

  • Bèl kote pou travay ansanm, ak bonjan limyè.
  • Fòmasyon ak Evènman : Yon sal pou gwo reyinyon ak fèt.
  • Medya : Yon estidyo pwofesyonèl pou fè anrejistreman.
  • Detant : Espas pou fè egzèsis (Gym), kafeterya, sal pou jwe ak espas pou repoze (Lounge).

Yon Kilti ki Pisan kote Tout Moun Jwenn Plas yo

VIP se yon kilti ki chita sou tèt ansanm ak pataj, avèk yon ekip ki gen moun divès kalite. Nou toujou mete valè imen anvan tout gwo desizyon.


TEMWAYAJ YON ANPLWAYE
Y ap travay sou videyo a

Avansman nan Teknoloji

Nou envesti anpil lajan pou n ede w konsantre sèlman sou sa k pi enpòtan an : kliyan w yo.

  • Pwodiktivite : Yon bon lojisyèl CRM ak sistèm ki mache poukont yo (automatisation).
  • Chèche kliyan (Prospection) : Aksè pou w jwenn bon kontak kliyan ki enterese deja.

Jwenn wout pa w nan VIP GPI

4 wout ki byen klè epi ki byen trase pou mennen chak pwofil rive nan siksè.

1. Conseillers
1. Wout pou Konseye (ki gen lisans)

Pou pwofesyonèl ki deja sètifye ki vle monte yon lòt nivo.

  • Yon modèl biznis k ap ba w plis rannman
  • Yon bonjan sipò nan zafè estrateji
  • Endepandans total, ou pa nan tèt fè mal

Pwochen etap pou ou : Pase dirèkteman nan pwogram k ap akselere karyè w la.

2. Futurs Conseillers
2. Wout pou Moun ki pral vin Konseye

Pou moun ki vle antre nan domèn asirans lan ak bonjan baz.

  • Aksè espesyal nan klas PQAP yo
  • Moun k ap ede w epi gid ou (Mentorat)
  • Y ap akonpaye w tout tan jouk ou reyisi

Pwochen etap pou ou : Vin bati bonjan baz solid pou siksè w.

3. Cabinets
3. Wout pou Kabinè

Pou kabinè ki vle devlope pi vit san yo pa pèdi pwòp esans yo.

  • Opitmize estrikti l epi fè plis kòb
  • Jwenn bonjan zouti estratejik
  • Jwi yon ekosistèm ki gen anpil fòs

Pwochen etap pou ou : Vin fè pati yon rezo ki kreye pou pouse do kabinè ki vle ale lwen yo.

4. Leaders
4. Wout pou Lidè Ekip yo

Pou konseye ki wè lwen epi ki vle bati yon ekip san yo pa nesesèman oblije louvri yon kabinè.

  • Bati epi devlope yon ekip ki gen gwo pèfòmans
  • Yon modèl pèman ki parèy ak yon kabinè
  • Fokus sou leadership (kapasite w genyen pou dirije moun) ak sou devlopman

Pwochen etap pou ou : Devlope oganizasyon w lan san w pa antre nan gwo tèt chaje papye biwo.